Cassena Care

Rehabilitation Center, Physical Therapy

    • Contrast
    • Layout
    • Font

DWA OU ANTANKE REZIDAN NAN MEZON RETRÈT NAN ETA NEW YORK LA

Antanke rezidan nan etablisman sa a, lwa eta a ak federal la garanti dwa ou yo. Etablisman sa a oblije pwoteje ak ankouraje dwa ou. Dwa ou yo mete aksan sou diyite endividyèl ak oto- detèminasyon, ankouraje endepandans ou ak amelyore kalite lavi ou.

Ou gen dwa pou ou:

  • Egzèse tout dwa ou yo san anpèchman, fòset, diskriminasyon oswa reprezay.
  • Gen valè kòm yon moun, pou yo trete w ak konsiderasyon, diyite ak respè nan rekonèt tout valè ou.
  • Pran swen ou yon fason ki amelyore kalite lavi w, san imilyasyon, tizonnay oswa menas.
  • Pwoteje kont abi fizik, seksyèl, mantal ak vèbal, pinisyon kòporèl, eksplwatasyon finansye ak izòlman envolontè ki gen ladan kontrent fizik ak chimik.

FRÈ AK SÈVIS

Ou gen dwa pou ou:

  • Jwenn enfòmasyon alekri sou sèvis ak frè anvan ou antre nan mezon retrèt la ak nenpòt ki lè lè sèvis ak frè yo chanje.

Anplis:

  • Mezon retrèt la pa kapab mande yon frè admisyon minimòm si Medicare oswa Medicaid peye pou swen ou.
  • Pou moun k ap chèche admisyon nan mezon retrèt la, mezon retrèt la dwe di w (nan bouch ak alekri) epi montre enfòmasyon alekri sou fason pou aplike pou epi itilize avantaj Medicare ak Medicaid.

— Mezon retrèt la dwe bay enfòmasyon tou sou fason pou jwenn yon ranbousman si ou te peye pou yon atik oswa yon sèvis, men akòz règ konsènan kalifikasyon Medicare ak Medicaid yo, yo konsidere li tankou yon bagay ki garanti.

ADMISYON

Ou gen dwa pou ou:

  • Resevwa yon avi admisyon ak avi detanzantan apresa ki liste atik ak sèvis yo asirans la pa garanti yo pral faktire w pou yo.

Etablisman an ka:

  • Mande epi egzije yon manm fanmi oswa reprezantan rezidan ki gen aksè legal nan revni oswa resous ou yo pou yo peye pou swen etablisman an epi siyen yon kontra, san ou pa responsab pèsonèlman pou sa.

TRANSFERE OSWA EGZEYATE

Yo pa kapab voye w nan yon lòt mezon retrèt oswa w kite mezon retrèt la sof si nenpòt nan bagay sa yo se verite:

  • Transfè a oswa egzeyat la nesesè pou byennèt ou epi yo pa ka reponn ak bezwen ou yo nan etablisman an.
  • Transfè a oswa egzeyat la apwopriye paske sante ou amelyore ase kidonk ou pa bezwen sèvis etablisman an bay yo ankò.
  • Sekirite moun ki nan etablisman an an danje akòz estati klinik ou oswa konpòtman ou.
  • Sante moun ki nan etablisman an ta ka an danje.
  • Ou pa te resyisi, apre yon avi rezonab ak apwopriye, pou peye pou (oswa Medicare oswa Medicaid te peye pou ou) yon sejou nan etablisman an. Non-peman an aplikab si ou pa soumèt dokiman nesesè yo pou peman tyès pati, oswa apre tyès pati a, ki gen ladann Medicare oswa Medicaid, bay reklamasyon an refi epi ou refize peye pou sejou a. Pou yon rezidan ki vin kalifye pou Medicaid apre admisyon nan yon etablisman, etablisman an ka fè yon rezidan peye sèlman frè akseptab yo dapre Medicaid; oswa
  • Etablisman an sispann fonksyone.

Ou gen dwa pou ou:

  • Resevwa yon avi alekri nan delè 30 jou sou plan etablisman an ak rezon ki fè yo egzeyate w oswa transfere w, eksepte nan ka dijans.
  • Fè kontestasyon (apèl) kont yon transfè oswa egzeyat nan New York State Department of Health.

DETÈMINASYON PÈSONÈL

Ou gen dwa pou ou:

  • Jwenn enfòmasyon sou dwa ou, ak tout règ ak règleman konsènan konpòtman ak responsabilite rezidan yo pandan sejou ou nan etablisman an.
  • Pou yo ofri ou chwa ak pèmèt ou pran desizyon ki enpòtan pou ou.
  • Pou pran desizyon pèsonèl, tankou kisa pou mete, ki lè pou dòmi oswa ki jan pou pase tan lib.
  • Resevwa sèvis ak lojman rezonab pou bezwen ak preferans endividyèl yo.
  • Patisipe nan planifikasyon swen ak sèvis ou yo.
  • Bay pwòp tèt ou medikaman si sa apwopriye sou yon baz klinik.
  • Aksepte oswa refize swen ak tretman.
  • Jere pwòp finans pèsonèl ou, oswa pou yo toujou enfòme ou sou finans ou si w chwazi kite etablisman an oswa yon lòt moun jere yo pou ou.
  • Refize fè travay oswa sèvis pou etablisman an.
  • Chwazi doktè ki pou trete ou.
  • Pataje yon chanm ak mari oswa madanm ou si ni mari ni madanm lan dakò ak aranjman an.
  • Resevwa yon deklarasyon ke si ou pa kapab pran desizyon pou tèt ou epi pou yon tribinal adkidike (pwononse yon desizyon) ke ou pa gen konpetans pou pran desizyon epi pou yo pa retabli kapasite jiridik ou, oubyen si yo nonmen yon titè pou pwoteje enterè w yo, se yon komite oswa yon titè ki pral egzèse dwa ak responsabilite sa yo antanke reprezantan ou.
  • Resevwa yon deklarasyon anvan oswa nan moman admisyon ou nan etablisman an pou yo enfòme w sou dwa ou genyen pou w fè don ògàn, tisi oswa tout kò ou, ak pa ki mwayen ou ka fèyon don konsa.

AKSÈ

Ou gen dwa pou ou:

  • Nan yon anviwonman ki an sekirite, pwòp, tankou lakay ou.
  • Resevwa èd si ou gen yon andikap sansoryèl.
  • Resevwa enfòmasyon nan yon lang ou konprann (pa egzanp, Panyòl, Bray).
  • Pou yo enfòme w san rezèv sou sèvis ki disponib ak pri ki gen rapò ak yo.
  • Pou yo enfòme w epi pou ou resevwa èd pou gen aksè ak avantaj Medicare oswa Medicaid yo.
  • Pou ou pa peye frè pou sèvis ou resevwa nan Medicaid oswa Medicare.
  • Gade dosye w yo epi resevwa kopi a yon pri rezonab.
  • Pèmèt medyatè yo gen aksè nan dosye medikal oswa pèsonèl ou yo, ki gen ladan dosye finansye si ou menm, oswa, lè sa apwopriye, responsab legal ou a oswa Mandatè Swen Sante ou yo te bay konsantman eksprime alekri pou divilgasyon sa a.
  • Konsève epi itilize byen pèsonèl yo.
  • Resevwa avi alavans sou nenpòt plan pou chanje chanm ou oswa kamarad chanm ou epi refize chanjman sa yo si se pou itilite anplwaye yo oswa si demenajman an se deyò yon pati diferan nan Mezon Retrèt la.
  • Òganize epi patisipe nan yon Konsèy Rezidan epi pou fanmi w òganize epi patisipe nan yon Konsèy Fanmi.
  • Resevwa sou demann, manje oswa pwodui alimantè ki tou prepare parapò ak restriksyon alimantè relijye tankou kosher ak halal.
  • Patisipe nan aktivite sosyal, relijye ak kominotè, ki gen ladan dwa pou vote.
  • Li rezilta dènye sondaj enspeksyon Eta a oswa Federal la ak plan etablisman an pou korije nenpòt vyolasyon.
  • Kontakte Medyatè ou a, oswa nenpòt avoka oswa ajans ki bay sèvis sante, sosyal, jiridik oswa lòt sèvis.

SWEN PÈSONÈL

Ou gen dwa pou ou:

  • Jwenn aksè egal ak bon jan kalite swen.
  • Pou yo enfòme ou davans sou swen ak tretman, ki gen ladan tout risk ak avantaj yo.
  • Resevwa swen adekwat ak apwopriye.
  • Pou yo enfòme ou sou tout chanjman nan kondisyon medikal ou.
  • Refize medikaman ak tretman.
  • Refize pran pwodui chimik oswa aksepte mete dispozitif pou ede w kalme.

VIZIT

Ou gen dwa pou ou:

  • Resevwa vizit reprezantan ajans sondaj eta a ak Biwo Medyatè Eta a pou Swen Alontèm.
  • Resevwa vizit fanmi, zanmi ak lòt moun ou chwazi ak nan moman ou chwazi li a.
  • Resevwa vizit òganizasyon oswa moun ki bay sèvis sante, sosyal, jiridik oswa lòt sèvis.
  • Refize vizitè.

VI PRIVE

Ou gen dwa pou ou:

  • Jwenn Pswoteksyon Vi Prive w pandan swen ak tretman yo.
  • Jwenn Pwoteksyon Vi Prive w konsènan enfòmasyon pèsonèl ak medikal ou yo.
  • Resevwa vizit prive ak san limit avèk nenpòt moun ou chwazi, an pèsòn ak nan telefòn.
  • Voye ak resevwa kourye lapòs san anpechman.
  • Jwenn Pwoteksyon Vi Prive w ak konfidansyalite konsènan zafè medikal, pèsonèl ak finansye.

PLENT

Ou gen dwa pou ou:

  • Eksprime doleyans oswa plent konsènan swen oswa sèvis san diskriminasyon oswa san ou pa bezwen pè pou sibi pinisyon.
  • Atann pou etablisman an mennen ankèt san pèdi tan epi eseye rezoud enkyetid ou yo.
  • Kontakte Medyatè a pou defann ka w, san diskriminasyon oswa san ou pa bezwen pè pou sibi pinisyon.

7

Pwogram Santralize pou Resevwa Plent Sou Zafè Sante Nan Depatman Sante Eta Nouyòk Nan Kourye Lapòs: NYSDOH DRS/SNHCP

MAILSTOP: CA/LTC EMPIRE STATE PLAZA ALBANY, NEW YORK 12237

Liy Dirèk pou Pote Plent: 1-888-201-4563

Faks: (518) 408-1157

Sit Entènèt: https://www.health.ny.gov/nursinghomecomplaints

Pwogram Medyatè Swen Alontèm (Long Term Care Ombudsman Program) Telefòn: 1-855-582-6769

Asosyasyon Eta New York pou Lonjman Endepandan (New York State Association of Independent Living, NYAIL)

Wèbsayt: www.ilny.org Imèl: info@inly.org Telefòn: (518) 465-4650

Biwo pou Moun Aje nan Eta New York la (New York State Office for the Aging) Telefòn: 1-844-697-6321

Pwogram Defans Eta New York la pou rezidan ki gen andikap entelektyèl oswa devlopman oswa ki malad mantal se:

Dwa Moun ki Gen Andikap nan New York (Disability Rights New York) Adrès: 725 Broadway, Suite 450

Albany, New York 12207

Imèl: Mail@DRNY.org

Telefòn: (518) 432-7861

Nimewo pou Rele Gratis: 1-800-993-8982

Faks: (518) 427-6561